Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Vote pou Gran Kò a fè Deba sou Refòm nan Sistèm Imigrasyon Lèzetazini an.


Lidè majorite a nan Sena ameriken an, Harry Reid (Dem-Nevada) ap pale ak jounalis sou refòm nan sistèm imigrasyon an (Washington, 11 jen 2013).
Lidè majorite a nan Sena ameriken an, Harry Reid (Dem-Nevada) ap pale ak jounalis sou refòm nan sistèm imigrasyon an (Washington, 11 jen 2013).
Sena ameriken an vote (82 pou e 15 kont) pou l apiye yon pwopozisyon-lwa ki kapab ouvè chemen an pou gran kò a fè deba sou refòm nan sistèm imigrasyon ameriken an; plis pase 11 milyon imigran ilegal kapab pwofite de refòm sa yo pou yo tounen sitwaten ameriken. Lejislasyon an vini avèk yon plan ki ka bay etranje ilegal yo 13 zan pou yo jwenn sitwayènte amerikèn si yo te rive Ozetazini ilegalman --ou si viza touris yo te fini-- anvan fen ane 2011.

Se yon gwoup 8 senatè repibliken ak demokrat ki te antann yo pou yo prepare pwopozisyon-lwa a. Youn nan chèf de fil efò sa a, Senatè Charles Schumer --yon demokrat Eta New York-- bay eksplikasyon sou nesesite ki genyen pou gouvènman ameriken an pote refòm nan sistèm imigrasyon an. Senatè Schumer di :

“Jan sitiyasyon an prezante jounen Jodi a, peyi nou an rate okazyon pou l pèmèt plizyè santèn milye moun kreye travay e ede n amelyore ekonomi an --yon bagay etonan, paske li pa nan avantaj nasyon an; pandansetan, nou kite plizyè milyon lòt moun travèse fwontyè a pou yo vin pran job nan men travayè ameriken. Sistèm sa a pase de mòd e nou pa ka kite sitiyasyon an rete jan li ye jounen jodi a.”

Anvan vòt sa a te dewoule madi 11 jen 2013 la nan sena a, Prezidan Barack Obama te resevwa nan La Mezon Blanch yon gwoup lidè sektè komès ak endistri a, sektè travay la ak lidè relijye ki apiye pwopozisyon-lwa a. Daprè Misye Obama, refòm lejislasyon sa a pwopoze kapab vin kore tradisyon Lèzetazini kòm yon peyi imigran. Prezidan Obama deklare:

« Atravè tout listwa nou, pwomès nou jwenn nan tout moun sila-yo ki te sòti tou patou nan lemond, sete toujou yon pwomès ki pote gwo fòs ban nou. Se sa ki pèmèt klas travayè nou an rete fò e dinamik. Se sa ki pèmèt sektè bisniz nou an okipe yon plas de chwa nan lemond ; se sa ki pèmèt nou bati pi gwo motè devlopman ekonomik moun janm wè nan lemond. »

Nan menm jounen madi a, depite repibliken John Boehner --prezidan Chanm Bas la ki anba kontwòl Repibliken yo-- anonse li prevwa kò lejislatif lap dirije a pral vote tou pou l apiye refòm nan sistèm imigrasyon Lèzetazini an anvan ane 2013 la rive nan bout li.
XS
SM
MD
LG