Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Militan Taliban Konfime Lanmò Kòmandan Adjwen Gwoup la


Nan Pakistan, militan Taliban konfime lanmò kòmandan adjwen gwoup la ki peri nan yon atak avyon telegide yo sispèk militè ameriken lanse.

Yon pòtpawòl Taliban Ihsan Ullah Ihsan fè konnen kòmandan adjwen Waliur Rayman twouve l pami 6 militan Taliban ki mouri anba yon atak misil ki fèt nan Wazirista nò swa nan pati nòdwès Pakistan .

Msye Ishan ki te pale ak jounalis nan telefòn a pati yon zòn ki pa idantifye ran gouvènman Pakistan responsab pou atak la.

Gouvènman ameriken an ofri apeprè 5 milyon dola pou enfòmasyon ki ta debouche sou kote yo ka jwen Rayman alòske gouvènman Pakistan an te fè yon òf 500 mil dola li mènm pou mènm rezon an.

Ishan menase pou l tire revanj li pou ansasinay kòmandan adjwen Taliban an e li fè konnen gwoup la pral retire òf li te fè pou l mete sou pye yon chita-pale ak gouvènman Pakistan an.
XS
SM
MD
LG