Accessibility links

Breaking News

Washington ak Moskou Egzòte Opozisyon Siri a Tanmen Negosyasyon Lapè


Koalisyon opozisyon Siri a reponn apèl Lèzetazini ak Larisi lanse anfavè negosyasyon pou mete fen nan lagè sivil kap ravaje peyi a. Opozisyon an fè konnen tout solisyon politik dwe kòmanse avèk Depa prezidan Bashar al-Assad sou pouvwa a.

Nan deklarasyon li fè bay Lavwadlamerik depi vil Istambopul, peyi Turki, pòtpawòl koalisyon an, Khalid Saleh, reyafime egzijans gwoup la prezante depi lontan pou sa ki konsène yon posib negosyasyon lapè ki dwe demare avè depar misye Assad ansanm ak tout pilye k ap soutni rejim li an. Misye Saleh deklare pami “pilye sa yo” genyen systèm sekirite siryen an ki responsab, selon li, asasinay anpil siryen panda 2 zan konfli a.

Sekretè Deta ameriken John Kerry ak minis afè etranjè Larisa, Sergei Lavrov, deklare jodi a yon ap swete yon Konferans Entènasyonal ki ta dewoule nan fen mwa a pou lanse negosyasyon lapè ant gouvènman siryen an ak rebèl kap goumen pou mete yon pwen final nan rejim gwo-ponyèt misye Assad ap dirije a.

Apre rankont sa a ki te dewoule nan vil Moskou, kapital Larisi, 2 diplomat yo di yo pral eseye konvenk 2 kan yo pou yo negosye sou yon plan tranzisyon politik gwo pisans yo va apiye nan fen mwa “jen an” nan Jenèv, peyi Laswis.
XS
SM
MD
LG