Lachin ak Larisi mete ak Sekretè Jeneral l’ONU an, Bann Ki-moon, pou yo fè konnen kè-sote yo akoz sa sèvis sekrè ameriken prezante kòm atak avyasyon militè Izrayèl lanse vandredi ak dimanch 3 ak 5 me 2013 la sou peyi Siri.
Byen bonè lendi, ministè afè etranjè chinwa a fè konnen li kont tout itilizasyon lafòs e li repete yon apèl li te deja lanse pou l mande respè souverènte tout peyi. Bò kote pa l, Moskou fè konnen li gen preokipasyon devan posiblite pou konfli siryen an gaye e depase fwontyè peyi Siri.
Pandansetan, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay tout pati konsène yo pou l mande yo aji ak sans responsablite pou evite agravasyon sa l rele « yon konfli ki déjà koze gwo devastasyon e ki danjere anpil-anpil. »
Anfen, nouvèl ki sòti Washington fè konnen Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, gen pou l deplase nan jounen lendi a pou l ale Moskou kote li va abòde sitiyasyon an nan Siri avèk Prezidan Vladimir Putin.