Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid ap Wete Dènye Travayè l yo Nan Pak Endistriyèl Kaesong nan.


Sòlda sid-koreyen, ki nan Obsèvatwa Dora a, tou prè vilaj Panmunjom, ap sèvi ak longvi pou yo wè sa kap pase pa lòtbò fwontyè a.
Sòlda sid-koreyen, ki nan Obsèvatwa Dora a, tou prè vilaj Panmunjom, ap sèvi ak longvi pou yo wè sa kap pase pa lòtbò fwontyè a.
Kore di Sid fè konnen li pare pou l wete tout rès sitwayen li ki tap travay nan pak endistriyèl Kaeson nan, pa lòt bò fwontyè a ak Kore di Nò. Si Sewoul mete avètisman sa a an aplikasyon, sa byen kapab koupe dènye rapò lapè ki egziste ant 2 peyi rival ki pataje preskil Kore a.

Daprè yon pòtpawòl ministè inifikasyon an nan Kore si Sid, 50 travayè ki rete toujou nan enstalasyon an ta dwe retounen nan peyi yo lendi 29 avril la 2013 la, menmsi Kore di Nò poko bay konsantman li pou yo deplase. Nan moman Sewoul ap pran dispozisyon sa a, li difisil pou moun prevwa ki sa k pral rive ak konpleks endistriyèl la ki sou yon distans 10 kilomèt ak liyn fwontyè a.

Prezidan Kore di Sid la, Park Geun-hye –ki tap abòde dosye a ak laprès nan kòmansman jounen lendi a- di gouvènman n nan pral fè tout sa l kapab pou l ede konpayi ki ta oblije pati kite pak la. Prezidant Park di :

"Gouvènman nou an dwe fè tout sa l kapab pou l pote yon apui djanm bay konpayi sid-koreyen sa yo ak tout anpwlaye yo, dekwa pou yo pa pèdi espwa. Pèp toupatou a travè lemond te kapab wè anplwaye sid koreyen ki tap kite Kaesong ak kamyon yo byen chaje, pou yo retounen nan peyi yo. Aprè moun fin wè dènye akò a tonbe nan dlo, kounye a kilès kap pran chans envesti nan Kore di Nò?"

Aprè Kore di Sid va fin wete anplwaye l yo nan Kaesong, se pral premye fwa konplèks endistriyèl la ap vid depi yo te inogire li nan lane 2004. Jous tou dènyèman la a toujou, li te reprezante yon sous antre deviz entènasyonal enpòtan pou Kore di Nò kote ekonomi an tèt anba.
XS
SM
MD
LG