Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse Nouvo Menas Vèbal Kont Lèzetazini


Kore-di-Nò fè lanse yon nouvo menas kont Etazini; fwa sa a li menase pou l tire wòkèt sou Guam, Hawaii ak kèk teritwa ameriken kòm zak reprezay .

Lame Popilè Kore a di tou tout atiyri lame a an plas pami yo inite wòket stratejik ak zam ki ka tire byen lwen yo e tout pare pou yo antre ann aksyon, antre nan batay.

Dènye seri menas Pyongyang yo vize Lèzetazini ak alye rejyonal li yo. Li pa klè ke wòkèt nò koreyen yo gen kapasite pou touche yon teritwa ameriken.

Menas sa yo vini kèlke jou apre prezidan sid-koreyen an, Park Geun-hye, te egzòte Kore di Nò abandonnen pwogram nikleyèl la e sispann fè pwovokasyon …. sèl fason, dapre li, pou Pyongyang siviv.
XS
SM
MD
LG