Otorite yo nan Irak di eksplozyon bonm ak lòt atak ki fèt nan Bagdad, kapital la, touye 50 moun pou pi piti e blese plis pase 160 lòt nan katye kote majorite popilasyon an se sitwayen ki sòti nan ras chiyit la.
Zak vyolans sa yo dewoule madi 19 mas 2013 la, lavèy anivèsè envazyon Lèzetazini te dirije nan Irak la, e yon mwa anvan dat ki fikse pou premye eleksyon dewoule nan peyi a.
Biwo Premye Minis la te anonse òganizasyon eleksyon ki fikse pou 20 avril pwopchen an, pral ranvwaye pou 6 mwa nan provens Anbar ak Niniv akoz menas k ap peze sou popilasyon an ak asasina plizyè kandida.
Madi 19 mas la, plizyè bonm eklate nan divès katye Bagdad, pami yo gen Sadèk Vil, ak kèk katye ki tou prè zòn vèt la ki chaje ak sekirite e kote ou jwenn plizyè anbasad