Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Prestasyon Sèman Barack Obama pou yon Dezyèm Manda 4 Ane


Prezidan Barack Obama prete sèman ofisyèlman devan Prezidan Kou Siprèm nan, John Roberts, nan salon ble Mezon Blanch la (20 janvye 2013).
Prezidan Barack Obama prete sèman ofisyèlman devan Prezidan Kou Siprèm nan, John Roberts, nan salon ble Mezon Blanch la (20 janvye 2013).
Nan Washington, seremoni prestasyon sèman Barack Obama kòm prezidan ameriken, aprè li te ranpòte eleksyon 6 novanm pase a devan repibliken Mit Romney, ap dewoule lendi 21 janvye 2013 la. Tankou chak fwa, espesyalis yo prevwa se pral yon seremoni ekstwòdinè ni nan nivo espektak, ni nan nivo patisipasyon ak prezans popilè.

Ane sa a, seremoni prestasyon sèman ap dewoule 2 fwa: yon premye ki dewoule, an prive, dimanch 20 janvye a nan La Mezon Blanch; e yon 2èm devan yon piblik kap gen ladan n sitwayen ameriken ak vizitè etranje e kap dewoule sou kote lwès kongrè ameriken an nan jounen 21 janvye a. Daprè pwogram ofisyèl la, Misye Obama ta dwe pwononse yon diskou nan sikonstans la vè midi, lè Washington.

Vrèmanvre, Misye Obama deja prete sèman dimanch 20 janvye a, ki se dat konstitisyon amerikèn nan prevwa pou seremoni an dewoule; men kòm ane sa a 20 janvye a se yon dimanch, lalwa prevwa yon repetisyon seremoni an nan jounen ki vini apre a. Se prezidan Kou Siprèm nan, Jij John Roberts, ki te prezide seremoni 20 janvye a. Apre sa, sete tou pa vis-prezidan eli a, Joe Biden, pou l te prete sèman pa l. Se youn nan 8 lòt jij kou siprèm nan, Sonia Sotomayor, ki te prezide seremoni sa a.

Lè seremoni an te fin dewoule nan La Mezon Blanch, Prezidan Obama ak Vis-Prezidan Biden te ale nan simityè nasyonal la nan vil Arlington (Eta Vijini) tou pre Washington, kote yo te depoze yon jèb flè sou tonm sòlda enkoni ameriken an. Ansuit, yo te patisipe nan aktivite ki make sa yo rele Ozetazini “Jounen Nasyonal Sèvis la” ki deja tounen yon tradisyon pou onore defen lidè dwa sivik, Martin Luther King Junior. Ant parantèz, jounen jodi lendi 21 janvye a make anivèsè nesans defen Pastè King.
XS
SM
MD
LG