Accessibility links

Breaking News

Lachin: Manifestan Kontinye Apiye Yon Jounal K ap Defann Libète Lapawòl


Nan vil Guanzhou, kapital pwovens Guangdong, nan pati sid peyi Lachin, manifestan rasanble yon fwa ankò madi 8 janvye a pou montre apui yo pou youn nan jounal ki ekri ak plis libète nan peyi a e ki mele nan yon konfwontasyon ak gouvènman an pou kesyon libète lapawòl ak baboukèt sou laprès.

Yon ti gwoup moun --ki te genyen pannkat nan men yo-- chante eslogan devan lokal jounal la, ki rele Ebdomadè Meridyonal la. Jounalis piblikasyon sa a ap fè grèv pou yo pwoteste kont efò gouvènman an ap deplwaye pou l kontwole fason yap fè travay yo.

Manifestasyon madi a, ki gen pi piti moun ladan n pase sa k te dewoule lendi 7 janvye a, te vin chaje ak tansyon aprè patisipan yo te antre nan boukantaj pawòl piman-bouk ak patizan pouvwa kominis la.
XS
SM
MD
LG