Konsèy sekirite Oganizasyon Nasyonzini kondane yon atak ak zam lou lame Siri lanse sou yon vil nan Tiki ki tou prè fwontyè 2 peyi yo; pandansetan lame tik la reponn kifkif ak bonbadman li lanse sou peyi Siri pou yon 2èm jou youn apre lòt.
Twoup militè siryen te lanse mèkredi semen sa a yon atak sou yon rejyon abite nan vil Akcakale, nan Tiki ---atak ki te koze lanmò 2 fi ak 3 timoun.
Nan yon deklarasyon ki sòti nan Konsèy Sekirite a, Nasyonzini egzije pou Siri sispann komèt “vyolasyon dwa entènasyonal sa yo”imedyatman e li mande pou sa pa repete.
Gert Rosenthal, prezidan konsèy la di : Manm konsèy Sekirite a kondane ak pawòl ki pi fèm posib yo atak lame siryèn nan lanse sou vil Akcakale, nan Tiki---yon atak ki lakoz lanmò 5 sivil (fi ak timoun) e ki fè plizyè blese .
Premye minis tik la, Recep Tayyip Erdogan, pote presizyon sou desizyon palman an pran pou li otorize lame mennen operasyon andeyò fwontyè peyi a .
Daprè sa Misye Erdogan di, La Tiki pa gen entansyon kòmanse yon gè kont Siri, men li gen fèm volonte pou l defann fwontyè li ak sitwayen peyi a.
Mesye Erdogan ajoute –nap site : "Objektif lwa palman an vote a se retabli yon defans ki dekouraje peyi etranje atake Tiki. E, tankou nou konnen sa, pi bon fason pou w anpeche yon lagè, se yon bon jan defans."
Obsèvatwa Dwa moun Siryenan di repons kifkif Ankara yo koze lanmò 3 sòlda siryen nan vil Tel Abyad, ki tou prè fwontyè 2 peyi yo.
Kòm reyaksyon Washington, pòtpawòl Depatman Deta ameriken an, Victoria Nuland, deklare aksyon Tiki yo pa apwopriye. Madam Nuland ajoute:
"Nan je pa nou, respons Tiki a pa apwopriye. Objektif yon aksyon konsa se ranfòse defans pou anpeche atak tankou sa Siri lanse a repete. Men magre sa, aksyon sa a depanse repons ki te nesesè a."