Kanpay elektoral kandida pati repibliken Mitt Romney vle pran yon lòt dimansyon apre deba mèkredi swa a ki soti an favè ansyen gouvènè eta Massachussets la ki gen pou debake nan 2 eta enpòtan nan Virjini e nan Florid.
Mesye Romney deklare devan yon foul jedi 4 oktòb , moun pa ka kwè ankò nan lit Prezidan Barack Obama pou ekonomi amerikèn nan .
Prezidan Obama ap sou teren an tou . L ap patisipe nan yon rasanbleman nan inivèsite nan Virjini e nan Ohio. Nan rankont prezidan Obama fè jedi 4 oktòb la li reponn atak mesye Romney yo e li akize l dèske l ap chanje pozisyon kote l li te vinn pi o sant pandan deba Colorado a.
Dapre 2 sondaj ke 2 chèn televizyon amerikèn fè soti an plan de CNN ak CBS , elektè ameriken yo panse ansyen gouvènè eta Masshachussets la Mitt Romney ranpòte premye deba a sou prezidan demokrat la Barack Obama .
Youn nan pi gwo konseye prezidan an David Axelrod di gen ajusteman kanpay la ap fè pou 2 pwochen deba yo le 16 e le 22 oktòb kote prezidan Obama pral pase plis tan pou prepare.