Accessibility links

Breaking News

Jeyòji: Apèl Lidè Pati Opozisyon an pou Sispann Manifestasyon Anti-Gouvènmantal


Bidzina Ivanishvili nan Jeyòji ap ekzòte patizan koalisyon pou yo sispann manifestasyon nan lari kont gouvènman aktyèl peyi a.

Ivanishvili di jounalis yo tout mezantant ki gen rapò ak eleksyon an dwe jwenn solisyon nan tribinal.

Li fè konnen koalisyon Rèv Jeyòji li a pwan pouvwa a kounye a e ke talè konsa li pwal pran kontwòl palman an.

Koalisyon Ivanishvili a kale Mouvman Inite Nasyonal la, ki se pati Prezidan Mikhail Saakashvili nan eleksyon palmantè ki dewoule, lendi 1er oktòb la nan Jeyòji.

Jedi 4 oktòb la a tou, Ivanishvili fè konnen se nan Washington li pwal fè premye vwayaj li nan peyi etranje si li ta moute Premye-minis.

Anons la sanble se pou demanti pawol ki fè konprann Ivanishvili, yon òm dafè milyadè, se ta yon politisyen ki kanpe bò kote La Rusi.

Ivanishvili fè konnen li pwal travay an kolaborasyon ak La Rusi e ak Loksidan.

La Rusi, ki te bat Jeyòji nan yon gè tou kout an 2008, fè konnen li espere ke eleksyon palmantè jeyòjyen-an pwal ede nòmalize relasyon ant 2 peyi yo.
XS
SM
MD
LG