Prezidan tou 2 Soudan yo siyen kèk akò ki vize anpeche yon nou lagè eklate ant 2 nasyon yo, malgre 2 chèf deta yo poko rive rezoud kèk dosye enpòtan.
Responsab nan 2 kan yo di pati konsène yo pral siyen akò sa a nan kapital Etyopi a, Addis Abbeba, kote yo mande pou sòlda 2 Soudan rekile sou yon distans 10 kilomèt ak fwontyè ki lakoz gwo pale-anpil ant 2 kan yo.
Jounal Sudan Vision, k ap site anbasadè soudanè Abdul Tahman Sir Al-Khatim, fè konnen 2 prezidan yo jwenn kèk antant tou sou kesyon sekirite ak petwòl.