Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Ameriken ap Kontinye nan Mond Mizilman an


Nan peyi Pakistan, manifestasyon dewoule nan plizyè vil pou denonse yon video ki te fèt Ozetazini e ki manke pwofèt relijyon Islam nan, Mawomè, dega.

Chèn televisyon pakistanèz ARY fè konnen youn nan anplwaye l yo pèdi lavi l vandredi 21 septanm 2012 la nan vil Peshawar, nan pati nòdès peyi a, aprè lapolis te ouvè koutzam sou manifestan ki tap mete dife nan yon sal sinema.

11 moun pou pi piti blese nan zak vyolans yo. Se konsa tou, lese-frape dewoule lòt kote nan peyi a, tankou nan kapital la, Islamabad, vil Lahore ak Karachi.

Yon lòt kote, gouvènman pakistanè a dekrete vandredi 21 septanm nan «jou konje e jounen damou pou Pwofèt Mawomè», pandan lapolis bay manifestan yo konsèy pou yo pwoteste pasifikman.

Anbasadè ameriken an nan Islamabad, Richard Hoagland, rankontre vandredi avèk otorite yo nan depatman afè etranjè pakistanè a, pou l te abòde avèk yo piblikasyon video ki pwovoke tout vyolans sa a.

Li repete pozisyon gouvènman Lèzetazini an ki kondane kontni video a e li ensiste pou l di otorite ameriken yo pa gen anyen pou yo wè ak film sa a. Daprè li, sa k di e sa k fèt nan video a pa reflete prensip pèp ameriken an.

Menm nouvèl la fè konnen anbasad amerikèn tou patou an mond mizilman an twouve yo nan yon eta dalèt wouj akoz manifestasyon kap dewoule nan okazyon lapriyè vandredi a.
XS
SM
MD
LG