Accessibility links

Breaking News

Siri: Aksidan yon Elikoptè Lame


Nan Siri, televizyon leta a fè konnen yon elikoptè lame fè aksidan tou prè kapital la, Damas.

Daprè menm sous la, aparèy la tonbe jedi 20 septanm 2012 la, nan yon katye ki rele Douma; men televizyon an pa bay plis detay. Militan opozisyon an di se rebèl yo ki desann elikoptè a.

Nan le pase, konbatan kap goumen kont rejim prezidan Bashar al-Assad la konn leve lavwa pou di yo desann elikoptè militè; pami yo, genyen youn ki te tonbe nan Damas nan fen mwa pase a.

Koresopndan Lavwadlamerik, Elizabeth Arrott, fè konnen genyen gwo batay kap dewoule pou le moman nan kapital la.

Li di, nan yon katye ki rele al-Abbasiyin, lekòl yo chaje ak moun, paske paran elèv yo kite zòn kote goumen ap dewoule yo pou mennen pitit yo pran refij nan lekòl sa yo.
XS
SM
MD
LG