Accessibility links

Breaking News

Eleksyon - USA: Piblikasyon Lajan Kanpay Chak Kandida Ranmase Pandan Mwa d Out la


Kandida 2 gwo pati politik yo bay detay sou lajan yo te ranmase pandan mwa dout 2012 la pou apiye kanpay elektoral yo. Kanpay Prezidan Obama a te rive ranmase 114 milyon dola nan efò li te fè pou l prepare konvansyon Pati Demokrat la; tandiske Pati Repibliken an (pati kandida Mitt Romney an) te ranmase 111 milyon dola.

Pandan misye Romney tap pale nan pwogram Meet the Press ki pase chak dimanch sou chèn televisyon NBC, li di li gen entansyon ranplase sa yo rele “Obama Care la” --sètadi sistèm swen sante Obama a—avèk pwòp sistèm pa l. Sepandan, li dispoze kenbe kèk pati nan sistèm Obama-a tankou, pa egzanp, posiblite pou yon moun resevwa swen-sante menm si li achte asirans la apre li te deja gen yon pwoblèm medikal.

Misye Romney di:

“Genyen anpil bagay mwen ta renmene mete nan plan refòm mwen vle pote nan swen sante a. Youn se ganranti ke moun ki te gen yon pwoblèm anvan yo te gen asirans santé, kapab resevwa swen ke asirans la peye. 2èmman: se pou mache asirans la kite manm fanmi yon moun ki asire, kontinye benefisye se asurans-al kèlkeswa laj yo. Epi mwen ta renmen pou moun yo kapab achte asurans pou kont yo, olye pou yo jwenn asiran la atravè taks yap peye lè yap travay pou yon konpayi.”
Bò kote pa l, prezidan Barack Obama mete fen nan yon toune 2 jou li tap fè nan eta Florid, kote li mennen kanpay aprè fen konvansyon pati demokrat-la ki te dewoule nan vil Charlotte, eta Kawolin di Nò. Yon fwa ankò, prezidan Obama atake politik ekonomik ke Mitt Romney ak kolistye li a, Paul Ryan, pwopoze pou ede Lèzetazini relanse ekonomi li a

Misye Obama deklare: “ Mesye yo pa ruive reponn kesyonki mande kote yo pral jwenn lajan pou ranplase koupi yo vle fè nan taks y o e ki ta kapab monte rive 5 TRILYON dola. Epi kesyon pou konnen kijan yo pral fè pouyo depanse 3 TRILYON dola nan domèn defans-la, san yo pa ogmante taks sou klas mwayèn nan. Se pa sa yo rele yon leadership fawouch…. Sa rele move matematik. E elèv sa-yo merite zewo. Mwen refize aksepte yon plan konsa. Men refuz emande manm klas mwayèn nan kite tonbe lajan yo mete so kote pou achte kay yo, oubyenpi elve pitit yo, pou yo peye pou taks gouvènman-an ta kouep soulajan moun tankou mwne ak Mitt Romney”
XS
SM
MD
LG