Gouvènman kanadyen an anonse li koupe relasyon diplomatik ak gouvènman peyi Iran an. Ottawa deside fèmen anbasad li nan Teheran epi li mande tout diplomat iranyen yo pou yo kite Kanada.
Minis afè etranjè kanadyen an, John Baird, pale pou l di gouvènman n nan konsidere gouvènman iranyen an kòm: "pi gwo menas ki egziste pou lapè mondyal e pou sekirite nan lemond jounen jodiya."
Li ajoute diplomat iranyen yo gen 5 jou pou yo fè malèt yo e kite tèritwa kanadyen an.