Accessibility links

Breaking News

Otorite Afgan yo ap menen Ankèt sou yon Seri Atak ki fèt nan Sen Lame a


Otorite Afgan yo di yo kenbe oubyen mete deyò plizyè sòlda Afgan nan kad yon ankèt y ap mennen sou yon seri atak ki fèt nan sen lame a.

Omwen 45 sòlda entènasyonal mouri ane sa a aprè fòs sekirite afgan yo te brake zam sou tokay kowalisyon yo.

Pòtpawòl Ministè defans afgan an, Jeneral Zaher Azimi di jounalis yo nan Kaboul ke lame Afgan an pran kèk mezi pou evite janr de atak sa yo e jiskaprezan yo arète oubyen ekspilse plizyè sispèk sòlda lame a.

Msye Azimi pa bay detay.
XS
SM
MD
LG