Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Pati Demokrat la Kòmanse Madi nan Charlotte, Kawolin di Nò


Ozetazini, Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la kòmanse madi 4 septanm nan nan vil Charlotte, Eta Kawolin di Nò, kote lap dire 3 jou.

Sou dènye jou konvansyon an, delege yo pral nonmen ofisyèlman Prezidan Barack Obama kandida pati a pou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou dat 6 novanm pwochen an. Divès lidè pati a pase yon bon bout tan lendi ap vizite Convention Center vil Charlotte la, kote aktivite yo pral dewoule.

Bò kote pa l, Prezidan Obama pase jounen lendi a ap mennen kanpay. Li te ale, pa egzanp, nan vil Toledo, nan Eta Ohio, nan sant rejyon endistryalize peyi a, nan okazyon yon gwo fèt nasyonal ki rele Labor Day, ou Fèt Travay ameriken an, pou l te fè yon meeting ak manm divès sendika travayè. Se nan vil Toledo ou jwenn katye-jeneral 2 gwo konpayi otomobil, Ford ak Crysler, ki te resevwa yon gwo bourad nan men administrasyon Obama a nan lane 2009, nan moman yo tap redi pou yo pat kriye fayit akoz yon gwo kriz ekonomik ki tap frape lemond.

Misye Obama pat rate okazyon an pou l pale de relans ekonomik endistri otomobil la anrejistre kòm youn nan siksè gouvènman n nan. Prezidan Obama di travayè yo nan Toledo :
"Mwen te kanpe avèk travayè ameriken yo. Mwen te kanpe ak konpayi amerikèn yo. Mwen kwè nan nou. Mwen mize sou nou. Mwen dispoze mize sou nou nenpòt ki jou nan semèn nan. E akoz miz sa a --akoz konfyans mwen gen nan nou an-- 3 zan apre, miz la pote bon rezilta pou Lèzetazini."

Pi ta nan jounen lendi a, Misye Obama te ale nan Eta Lwizyàn, ki te sibi gwo dega pandan pasaj tanpèt twopikal Izaak semèn pase a.

Misye Obama di:

"Si gen yon bagay moun konnen de abitan Eta Lwizyan yo, sè ke yo pa bay legen fasilman, yo pa kwaze bra yo fasilman. Moun Mississippi yo pa bay legen non plis…. Se moun yo ki byen konnen sa k rele moman difisil ; men nou byen konnen yo tou se moun ki pral leve kanpe sou 2 pye yo. "

Nan jounen madi a, Prezidan Obama pral mennen kanpay nan eta Vijini kote li pral swiv kòmansman Konvansyon Pati Demokrat la nan vil Charlotte, Eta Kawolin di Nò.
XS
SM
MD
LG