Accessibility links

Breaking News

Yon Atak nan Pakistan fè 8 Mò


Nan Pakistan, militan yo atake yon avan-pòs lame a nan nòdwès peyi a, 8 sòlda mouri.

Responsab sekirite yo di militan yo mouri nan batay ki dewoule ajans kote tribi ap viv nan Waziristan sid tou prè Fwontyè Afgan an.

Omwen 6 sòda blese nan atak sa a ki fèt aprè ke lame te lanse yon operasyon netwayaj pou retire tout militant nan zòn nan.

Taliban yo pran responsabilite pou atak sa a ki pran la vi 8 sòlda.
XS
SM
MD
LG