Ozetazini, kandida nan kous prezidansyèl la pou Pati Repibliken an, Mitt Romney, tounen ofisyèlman kandida pati a madi 28 out la, 2èm jounen Konvansyon Pati Repibliken an k ap dewoule nan vil Tampa, nan eta Florid.
Youn nan pèsonalite ki pale ak delege yo e ak pèp amerikiken an --ki te kapab swiv dewoulman aktivite yo sou televizyon ak radio-- sete Madanm Romney, Ann Romney, ki bay detay sou platfòm Pati Repibliken an epi di elektè yo poukisa yo dwe chache ranplase Prezidan Barack Obama.
Madam Romney fè gwo piblisite pou reyalizasyon mari li kòm yon òmdafè, kòm yon ansyen gouvènè Eta Massachusetts e kòm yon lidè nan Legliz Mòmon yo. Madam Romney di:
“Mwen pa kapab di nou kisa k ka rive pandan 4 tran k ap vini la yo. Men, mwen ka tou senpleman kanpe la a aswè a, kòm yon madan marye, yon manman, yon granmè e kòm yon amerikèn, pou m pran angajman solanèl sa a devan nou: Nèg ki devan nou la a, Mitt Romney, pap echwe nan misyon li. “
Aprè diskou Madan Romney an, mari li, Mitt Romney, te monte sou podyòm nan pou l bo li, pou l anbrase l epi felisite li. Yon lòt kote, Gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie, te gen pou l pwononse diskou prensipal la pandan yon sware kote, jan nou di l deja, Mit Romney rive jwenn ofisyèlman nominasyon Pati Repibliken an kòm kandida ki pral fè fas ak Prezidan Barack Obama nan eleksyon prezidansyèl novanm 2012 la.