Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon nan Siri Ta Vize Obsèvatè l’ONU yo - 3 Moun Blese


Nan Siri, dapre enfòmasyon ki pase sou televizyon Leta a, yon bonm eksploze tou pre yon otèl kote obsèvatè l’ONU yo desann. Nouvèl la kontinye pou l di endidan an, ki rive byen bonè mèkredi e ki blese 3 moun, se rezilta eksplozyon yon bonm moun te plase nan yon kamyon ki fè transpò petwòl.

Vis-minis afè etranjè siryen an, Faisal Mekdad, fè konnen okenn nan obsèvatè Nasyon Zini yo pa blese e li lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou mande l: “Travay men nan men ak Siri pou konbat zak teworis.”

Konsènan Siri toujou, Konsèy Sekirite l’ONU an gen pou l fè yon sesyon sou sitiyasyon an nan peyi sa a jedi, swa kèk jou anvan misyon obsèvatè li yo pran fen nan dat 19 out pwochen. Nan edisyon jounal ofisyèl chinwa ki rele Jounal Pèp la pibliye mèkredi, li kritike gouvènman peyi oksidantal yo poutèt yap pale de posiblite pou yo enstale yon zòn kote avyon pap ka vole nan Siri.

Daprè jounal la, pawòl konsa ap minen efò l’ONU ap fè kòm medyatè, menm jan sa nui inite nan mitan Konsèy Sekirite a. Nap raple ke Lachin mete ansanm ak Larisi pou yo poze veto yo sou tout rezolisyon Konsèy Sekirite a te vle adopte pou l menase Siri ak sanksyon poutèt li itilize zam lou kont popilasyon sivil la.

Yon lòt kote, ansyen premye minis siryen an, Ryad Hijab –ki te vire kazak li pou li antre nan opozisyon an epi kouri ale nan La Jòdani- fè konnen gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la prèt pou tonbe. Misye Hijab bay opinyon li sou sitiyasyon madi nan premye parèt li fèt an piblik depi li te kite rejim Assad-la nan kòmansman mwa out la. Li demanti pawòl gouvènman an ap pale e ki fè konnen se rejim nan ki te revoke li; daprè Misye Hijab, li kraze yon kite sa pou l pwoteste kont le fèt ke gouvènman an kontinye touye moun tou patou nan peyi a.

Pandansetan, chèf ajans Nasyon Zini pou sekou imanitè a, Valérie Amos, rive madi nan Damas, kapital Siri, pou l pale ak otorite peyi sa a de plan ajans la genyen pou l ranfòse efò lap fè pou l pote èd bay sivil ki bloke nan mitan konfli a ki la depi 17 mwa deja.

Madam Amos di:
“Pou sa ki konsènen domèn imanitè a, ki se responsablite mwen, mwen panse li enpòtan pou tout pati ki mele nan konfli a rekonèt ke se senp sitwayen yo, fanm kou gason, ki bloke nan mitan konfli sa a, e li enpòtan pou batay yo sispann.”

Daprè kalkil Nasyon Zini, genyen yon afè de 2 milyon 500 mil moun ki bezwen asistans prese-prese nan Siri, alòske kantite a te yon milyon sa gen 3 mwa sèlman.

Devan jan sitiyasyon an prezante jounen jodiya nan Siri, Òganizasyon Kowoperasyon Islamik la pran desizyon pou l mete peyi sa a deyò nan gwoup rejyonal la.
XS
SM
MD
LG