Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Tiki ap Prepare yon Plan Estratetik sou Avni Siri


Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton (adwat) ap rankontre ak kèk militan siryen nan Istanboul, Tiki -- 11 out 2012.
Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton (adwat) ap rankontre ak kèk militan siryen nan Istanboul, Tiki -- 11 out 2012.
Lèzetazini ak peyi Tiki ap chache fòme yon gwoup travay ki va prepare divès ka de figi posib pou avni peyi Siri e youn nan senaryo evantyèl yap anvizaje, se yon posib atak chimik.

Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, ak kòlèg tik li a, Ahmet Davutoglu, anonse inisyativ sa a nan yon konferans pou laprès yo bay ansanm samdi 11 out la pandan Madam Clinton tap vizite Tiki. Daprè sa yo di, gwoup tavay la tap la pou kowòdone tout aktivite militè, koleksyon enfòmasyon sekrè ak desizyon politik ki nesesè pou fè fas ak sitiyasyon an nan Siri, nan moman sitiyasyon sa a pa sispann deteryore.

Vandredi Lèzetazini te anonse lap pran kèk nouvo sanksyon kont rejim prezidan siryen an, Bashar al-Assad, ak tout moun ou gwoup moun kap apiye l yo. Chèf diplomasi amerikèn nan te pran avyon pou l ale nan Istanboul, nan Tiki, byen bonè samdi aprè yon toune 11 jou sou kontinan afriken an ki te mennen li nan 9 peyi.
XS
SM
MD
LG