Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Ka fin Konstui yon Reyaktè Nikleyè nan Anviwon yon Lane


Yon enstiti rechèch ameriken fè konnen imaj satelit anresjitre, montre Kore di Nò ka fini konstriksyon yon reyaktè nikleyè vè fen ane pwochèn nan.

Men analis yo di yo pa kapab etabli enpòtans yon konstriksyon konsa pou pwogram nikleyè Pyongyang nan.

Enstiti pou Lasyans ak Teknoloji Entènasyonal la ki gen baz li nan Washington, di foto satelit te pran nan mwa me ak mwa jen pase, montre Nò-Koreyen yo te enstale nouvo materyo tou prè konstriksyon reyaktè a nan santral nikleyè Yongbyon nan.

Daprè enstiti a toujou, pi gwo travay ki fèt pa deyò reyaktè a sanble fini, malgre bilding nan, li mènm, poko fin kouvri toujou
XS
SM
MD
LG