Accessibility links

Breaking News

Lachin: 4 Polisye ap Jije pou Konplisite nan yon Asasina


Nan Lachin, lajistis ap fè pwosè 4 polisye, vandredi 10 out 2012 la, poutèt yo te swadizan ede madanm òm politik Bo Xilai kase fèy pou l kouvri asasina yon òm dafè britanik.

Pwosè sa a ap dewoule nan vil Hefei ki nan pati lès peyi a. 4 akize yo te travay kòm asistan-kòmandan kazèn vil Changqing, nan pati sidwès Lachin, e yo tonbe anba akizasyon deske yo te ede madàm Gu Kailai kache wòl li nan sa k sanble ak yon konplo pou anpwazonnen biznisman britanik la ki te rele Neil Heywood.

Nan jijman madàm Gu a, ki dewoule jedi 9 out la, manmzèl pat demanti akizasyon kap peze sou do l la.

Pwosè pa l la te fèt ak tout pòt fèmen e li te pran fen aprè 7 tèdtan ; otorite lajistis yo fè konnen tribinal la va pwononse vèdik la anvan lontan
XS
SM
MD
LG