Accessibility links

Breaking News

Chin-Jistis: Fen Pwosè Gu Kailai, Madam ansyen Lidè Politik Bo Xilai


Nouvèl ki sòti nan Lachin fè konnen pwosè ki t ap fèt kont madanm òm politik Bo Xilai pou asasina (pwosè ki domine aktyalite a nan peyi a), fini aprè sèlman yon jounen. Yon otorite nan tribinal kote pwosè a t ap dewoule a, nan vil Hefei nan pati lès peyi a, pale jedi 9 out la pou l di tribinal la pa pwononse yon vèdik nan afè a.

Daprè menm otorite a, akize a, Gu Kailai, pa rejte akizasyon ki di kòmkwa li te komèt asasina a ; manmzèl twouve l an plèn fòm, li mantalman estab, donk li gen tout konpetans pou l konprann kisa akizasyon an vle di e konprann tou nenpòt ki santans lajistis chinwaz ta pran kont li.

Madam Gu ak jeran yon konpayi bwason li posede tonbe anba akizasyon deske yo te asasinen òmdafè britanik Neil Heywood nan mwa novanm 2011 la, nan vil Chongqing, nan pati sidwès Lachin, kote Misye Bo te lidè Pati Kominis la.

Pwosè sa a se youn nan pwosè ki fè plis bri nan mond politik chinwa a depi plizyè dizèn dane; li deja lakoz ranvèsman mari akize a, Bo Xilai, ki tonbe an disgras e pèdi plas lidè pati kominis la nan rejyon Chongqing. Moun te konsidere misye Bo kòm yon etwal ki t ap monte nan syèl politik la nan Lachin
XS
SM
MD
LG