Accessibility links

Breaking News

Afganistan - Vyolans: 3 Sòlda Ameriken Mouri anba men Sitwayen Afgan


Yon nèg ki te gen inifòm lame afgan an sou li, touye 3 sòlda ameriken nan pati Sidwès Afganistan.

L’OTAN fè konnen sòlda yo mouri byen bonè vandredi nan komin Sangin ki nan pwovens Helmand.

Daprè otorite afgan yo, nèg ame a sete yon kòmandan polis; misye te envite sòlda ameriken yo nan yon dine kote li tire yo epi li antre nan mawon.

Lanmò anba kout zam sa yo se dènye nan yon seri asasina ak atak sòlda Afgan --ou byen rebel ki degize ak inifòm militè-- lanse kont sòlda ki nan fòs kowalisyon etranje a.

Jedi 9 out la, fòs l’OTAN yo te touye yon sòlda afgan ki t ap eseye asasinen kèk manm kowalisyon an sou yon baz militè ki nan pati lès Afganistan. Madi pase a, l’OTAN te fè konnen 2 nèg ame ki te gen sou yo inifòm lame nasyonal afgan an, te touye yon manm kowalisyon an.
XS
SM
MD
LG