Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon Bonm nan Pakistan : 6 Moun Mouri


Otorite nan Pakistan di yon bonm kraze yon mini-bis ki tap transpòte pasaje nan rejyon kote tribi abite nan pati nòdwès peyi a. Bilan: Omwen 6 moun mouri.

Eksplozyon sa a fèt mèkredi nan vil Jamrud, nan komin Khybert. Okenn moun ni gwoup moun poko pran responsablite pou eksplozyon an.

Depi kòmansman ane sa a, daprè sa Ajans Nasyonzini pou kesyon refujye te fè konnen semèn pase a, plis pase 100 mil moun kouri ale nan yon kan lap dirije tou prè Peshawar aprè yo te kouri kite rejyon kote tribi ap viv yo –pi fò nan moun sa yo te sòti nan komin Khybert.
XS
SM
MD
LG