Accessibility links

Breaking News

Ejip-Politik: Prezidan Eli a ap Taravay sou Fòmasyon yon Gouvènman


 Prezidan eli a, Mohammed Morsi
Prezidan eli a, Mohammed Morsi
Nan peyi Lejip, prezidan eli a, islamis Mohammed Morsi, kòmanse travay sou fòmasyon yon gouvènman ki, daprè sa l di, pral gen plas pou moun ki sòti nan divès orizon sou echikye politik la.

Misye Morsi tanmen travay sa a yon jou aprè li te tounen premye prezidan sivil ki eli demokratikman nan Lejip.

Nan youn nan aksyon prezidan eli a poze lendi 25 jen 2012 la, li antre nan pale nasyonal la kote prezidan dechouke Hosni Moubarak te genyen biwo li.

Se konsa tou, Misye Morsi rankontre ak kòmandan lame ejipsyèn nan, Marechal Hussein Tantawi ki, daprè sa televizyon Leta a rapòte, pwomèt pou l apiye moun li konsidere kòm "prezidan eli lejitim peyi a."
XS
SM
MD
LG