Accessibility links

Breaking News

Ejip-Eleksyon: Reyaksyon aprè Viktwa Pati Fratènite Mizilman an


Divès kalte reyaksyon tonbe aprè komisyon electoral la ann Ejip te deklare kandida pati Fratènite Mizilman an, Mohammed Morsi, venkè eleksyon prezidansyèl la. Ozetazini, Prezidan Barack Obama rele Misye Morsi pou fè l konpliman pou eleksyon li kòm nouvo prezidan ejipsyen.

Misye Obama ensiste pou l di Lèzetazini pral kontinye apiye tranzisyon demokratik la ann Ejip epi lap toujou kanpe bò kote pèp ejipsyen an pandan lap reyalize pwomès revolisyon an. Misye Obama mete aksan tou sou enterè pèsonèl li pou l travay ak prezidan eli Morsi sou baz respè youn pou lòt ak prensip 2 peyi yo pataje. 2 lidè yo pran angajman pou yo kore patnèship ki egziste ant Lèjip ak Lèzetazini e yo pwomèt pou yo rete an kontak sere pandan semèn k ap vini la yo.

Nan Nasyon Zini, Sekretè Jeneral Ban Ki-moon prezante felisitasyon li bay Misye Morsi poutèt li ranpòte eleksyon prezidansyèl la ann Ejip. Chèf l’ONU an di li espere prezidan eli a pap manke fè tout efò ki nesesè pou l garanti ke pèp ejipsyen an reyalize aspirasyon li pou l wè yon pi gwo demokrasi pran pye nan peyi li.

Ann Izrayèl, Premye Minis Benjamin Netanyahu pale pou l di:
“Izrayèl onore pwosesis demokratik ki devlope ann Ejip la e li respekte rezilta yo. Israyèl pare pou l kontinye kowoprasyon ki egziste ant li-menm ak gouvènman ejipsyen an sou baz akò apè ki te pase ant 2 peyi yo; aplikasyon ak respè akò sa a nan enterè tou lè 2 peyi yo e li ede garanti estabilite nan rejyon an.”

Nan vil Lond, kapital Grann Bretay, Sekretè Foreign Office la (kidonk, minis afè etranjè a), William Hague, sèvi ak medya sosyal Twitter pou l di:

“Pèp ejipsyen an eli yon nouvo prezidan. Mwen felisite ni nouvo eli a, ni pèp la pou rezilta sa a e pou yon pwosesis elektoral ki dewoule nan lapè. Mwen espere nouvo prezidan ejipsyen an pral prese jwe yon wòl lidè nan refòm demokratik ak ekonomik yo, e nan defans dwa tout ejipsyen, gason kou fanm."

Anfen a Pari, an Frans, Prezidan Francois Hollande voye konpliman n bay Mohammed Morsi nan yon deklarasyon kote li di:

“Li enpòtan pou tranzisyon ki te kòmanse ann Ejip nan mwa fevriye 2011 la kontinye yon fason pou yon sistèm politik, demokratik e pliryèl kapab tabli nan peyi a --yon sistèm ki garanti libète sivil e politik tout sitwayen yo, san bliye minorite yo."
XS
SM
MD
LG