Accessibility links

Breaking News

Plis Kritik Tonbe aprè Anons Piblikasyon Vèsyon Amande Konstitisyon an


Reyaksyon kontinye tonbe apre Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, fin otorize piblikasyon vèsyon amande konsitisyon 1987 la. Se konsa pòtpawòl, Platfòm Alternativ la, Evans Paul, denonse 5 moun ki, dapre li, ta responsab piblikasyon sa li rele « yon falsifikasyon konstitisyon 87 la ».

Yon lòt kote, yon gwoup 9 manm Sena a pwononse yo kont piblikasyon konstitisyon amande a ; pami yo genyen Francisco Delacruz, manm pati Oganizayson Pèp an Lit (OPL) ki reprezante Plato Santral nan Gran Kò a.

Palmantè a di Lavwadlamerik Prezidan Michel Martelly te dwe tann fen 49èm Lejislati a anvan li fè pibliye dokiman an; konsa Chèf Deta ayisyen an ta respekte pwosesis konstitisyon prevwa a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute deklarasyon Evans Paul ak Senatè Francisco Delacruz.
XS
SM
MD
LG