Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Opinyon Depaman sou Piblikasyon Vèsyon Amande Konstitisyon an


Nan pwogram Lib Tribin Sèvis Kreyòl VOA mèkredi 20 jen an, panelis yo te fè deba sou desizyon Prezidan Michel Joseph Martelly pran pou li otorize piblikasyon tèks konstitisyon 1987 amande a.

Yo te chache wè ki konsekans desizyon sa a kapab genyen sou avni peyi d Ayiti. Sete direktè Radyo Vizyon 2000 e manm Konsèy Nasyonal Obsèvasyon Elektoral (CNO), Léopold Berlanger, ansyen batonye lòd avoka Pòtoprens la, jiris Gervais Charles, epi antwòt kowòdonatè pati politik Pèp kap Lite (OPL), pwofesè Sauveur Pierre-Etienne.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon ekstrè nan pwogram nan.
XS
SM
MD
LG