Accessibility links

Breaking News

Afganistan – Vyolans: Lame Libere 35 Otaj anba men Militan Taliban yo


Nan Afganistan, otorite yo fè konnen fòs sekirite yo rive libere omwen 35 otaj ki te tonbe anba men rebèl taliban yo nan yon atak mesye sa yo te lanse sou yon otèl (Otèl Spozhmai) alatou vil Kaboul, kapital la.

Otorite ki t ap abòde sitiyasyon an byen bonè vandredi fè konnen 3 gad sekirite ak yon polisye mouri, tandiske 2 nan atakan yo pèdi lavi yo.

Byen ta jedi, militan kamikaz ak nèg ame taliban te atake otèl la ki tou Lak Qargha, kote yo te pran plizyè sivil an otaj –pami yo te genyen fanm ak timoun piti.

Konfwontasyon ki dewoule ant rebèl yo ak manm lame a te kontinye jous anvan solèy leve vandredi.
XS
SM
MD
LG