Accessibility links

Breaking News

Somè G-20 an Tanmen nan Los Cabos, o Meksik


 Los Cabos, o Meksik
Los Cabos, o Meksik
Prezidan Barack Obama rive nan peyi Meksik kote li pral patisipe nan Somè G-20 an ki reyini dirijan peyi ki genyen pi gwo ekonomi yo. Somè a ap dewoule nan Los Cabos, yon sant touristik meksiken.

Sa pa gen lontan, Mike Froman, vis-konseye Prezidan Obama pou sekirite nasyonal, pou sa ki konsène kesyon ekonomik, te fè previzyon pou l di some a pral santre sitou sou sitiyasyon ekonomik la sou kontinan ewopeyen an.

Misye Froman te deklare:
“Nan Los Cabos, patisipan yo espere yo pral jwenn plis detay nan men lidè ewopeyen yo sou pwogrè yo reyalize nan efò yap fè pou yo estabilize sistèm bankè yo a epi ankouraje kwasans ekonomik lakay yo; yo espere tou dirijan ewopeyen yo pral prezante vizyon yo pou travay ki nesesè pou yo tabli yon amonizasyon fiskal e finansye antre yo.”

Nan premye rankont Prezidan Obama ap fè lendi 18 jen 2012 l nan somè G-20 an, li pral wè avèk lidè peyi òganizatè a, prezidan meksiken an Felipe Calderon, chèf yon pati politik ki, daprè tout previzyon, pral pèdi eleksyon prezidansyèl ki fikse pou premye jiyè k ap vini la a.

Obsèvatè yo atann yo tou aske 2 lidè yo pale de pwogrè yo fè nan efò pou yo mete sekirite nan peyi yo, epi yo va abòde lòt kesyon ki te reprezante priyorite gouvènman yo pandan 3 zan ki pase yo.
XS
SM
MD
LG