Accessibility links

Breaking News

Larisi: Manifestasyon Anti-Gouvènmantal Dewoule Malgre Pinga Otorite yo


Nan peyi Larisi , plizyè disèn milye russ defile nan yon manifestasyon opozisyon an òganize nan kapital Ris la Moskou pou pwoteste kont retou Vladimir Putin sou pouvwa a nan Larisi, malgre otorite yo te fòse plizyè lidè pou yo prezante pou enterogatwa pandan manifestasyon an t ap kòmanse.

Manifestasyon 12 jen an reprezante premye apèl opozisyon an lanse depi mesye Vladimir Putin retounen kòm prezidan peyi a mwa pase a epi li kòmanse yon kanpay sere-boulon kont advèsè gouvènman an.
XS
SM
MD
LG