Accessibility links

Breaking News

Larisi: Lapolis Fouye Kay Manb Opozisyon an Avan yon Manifestasyon


Nan Larisi, lapolis ak envestigatè lanse kèk operasyon lakay plizyè lidè opozisyon an lavèy yon manifestasyon planifye nan Moskou.

Komite envestigasyon Federal la fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye, fouy sa a te vize òganizatè yon defile ki te fèt anvan sa mwa pase a pou pwoteste kont prezidan Vladimir Putin.

Deklarasyon sa a site : "Alexei Navalny ak Sergei Udaltsov, you tou 2 te pase 15 jou nan prizon mwa pase a poutèt yo te fè manifestasyon kont envestiti msye Putin, ni Ilya Yashin, yon lòt militan ke yo te mete an gad-a-vou pandan yon manifestasyon."

Ajans prensipal envestigasyon Larisi a di li gen pwojè pou l fè plis fouy toujou lendi 11 jen an.
XS
SM
MD
LG