Rèn Grand Bretay la, Elizabeth, te asiste yon sèvis remèsiman nan Lond pou tanmen dènye jounen selebrasyon k ap make Jubile Dyaman li a.
Plizyè milye moun nan Lond t ap souke ti drapo kanpe sou 2 bò lari, pou yo bat bravo pou monark la ki gen 86 lane, pandan li te nan oto, soti nan Palè Buckingham nan pou ale nan Katedral Sen Pòl pou yon sèvis djak sou djak, e kote li rankontre ak pitit gason li, Prens Charles, pitit a pitit gason li, William ak Harry, ak lòt manm fanmi wayal la. Men rèn nan te la a san mari li, Prens Philip, ki t al lopital, lendi 4 jwen an, ak yon enfeksyon nan vesi li.
Nan sèvis remèsiman an, Achevèk Canterbury a, Rowan Williams, te preche pou l di ke Rèn Elizabeth te montre ‘’yon fòm kè-kontan nan kè-kontan lòt moun’’ pandan 60 lane ke l pase sou twòn nan.
Fanmi wayal la gen pou l boukle seremoni jibile a ak yon diskou pou nasyon an.