Accessibility links

Breaking News

Ejip-Politik : Eleksyon Prezidansyèl yo Byen Pase Jeneralman


Aprè eleksyon prezidansyèl ki dewoule mèkredi ak jedi nan peyi Lejip, responsab elektoral yo ap konte bilten yo. Nouvèl yo fè konnen plizyè milyon ejipsyen te sòti al fè devwa sivik yo.

Korespondan Lavwadlamerik nan vil Lekèr, kapital la, Elizabeth Arrot, di nou an jeneral votan yo kontan fason otorite yo nan komisyon elektoral la ap mennen operasyon kontaj vwa yo.

Elizabeth deklare :
“Nan biwodvòt yo menm, sanble se alamen responsab yo ap konte vwa yo; e sa se youn nan pi bagay ki ka rive apre eleksyon an. Se tout moun ki apresye le fèt ke se konsa otorite yo ap fè bagay yo.

Le fèt ke yap konte vwa yo a la men, epi genyen obsèvatè ki prezan pou wè kijan bagay yo ap pase nan chak biwodvòt, sa fè l vin difisil anpil pou koken fèt ; an tou ka pou gen koken ki ta gen move konsekans sou rezilta final yo."

An tou 12 kandida te patisipe nan eleksyon prezidansyèl la. Komisyon elektoral la fikse yon 2èm tou pou 16 ak 17 jen pwochen ant kandida kap fini nan premye ak 2èm pozisyon yo, paske yo pa panse youn nan patisipan yo kapab ranpòte majorite absoli (50 pou san plis yon vwa) ki nesesè pou evite yon 2èm tou.

San di pètèt, rezilta eleksyon sa a pral pèmèt premye sivil monte sou pouvwa a ann Ejip nan 60 tan pou fòme yon gouvènman ki pap gen apui lame, men kap repoze pito sou volonte pèp la.
XS
SM
MD
LG