Ansyen Atakan brezilyen an Romario, ki te pran retrèt li rekòmanse antrene pou l retounen monte teren an, li te enskri kòm jwè nan ekip dezyèm divizyon eta Rio de Janeiro America-RJ.
Melchie Daelle Dumornay (Corventina) sispèsta Seleksyon Nasyonal Foutbòl Ayisyen an fè yon gòl e yon pas gòl, sa ki ede ekip li Lyon bat (3-2) ekip Paris Saint Germain (PSG) nan premye fas match ale a nan match demifinal lig champyon.
Jwèz Baskèt Inivèsitè Caitlin Clark se nouvo chou-chou lig pwofesyonèl basketbol fanm Etazini an - WNBA. Mamzèl soti nimewo 1 nan tiraj o so ekip yo fè chak ane pou chwazi nouvo jwè yo.
Ansyen-foutbolè renome nwa ameriken O.J. Simpson mouri 10 Avril, dapre yon mesaj fanmi li pibliye sou rezo X / Twitter. "Papa nou, Orenthal James Simpson, mouri 10 Avril, apre yon batay kont maladi kansè," fanmi an fè konnen nan yon Tweet.
Reyaksyon jwè, antrenè, fanatik aprè ekip feminin Ayisyèn nan fin pèdi match baraj kont ekip feminin Pòtoriko a ki tap pèmèt li jwenn biyè kalifikasyon l pou patisipe nan premyè edisyon koupdò Konkakaf pou medam yo nan peyi Etazini.
Ekip Feminin Nasyonal Ayiti a pral toke kòn li ak Ekip Feminin Pòtoriko a pou jwen biyè kalifikasyon pou premyè edisyon koupdò Medam yo.
Deklarasyon Kapitèn ekip Feminin Ayisyen an Nérilia Mondésir Nan konferans avan match baraj Ayiti kont Ekip Potoriko a nan Los Angelès.
Deklarasyon Coach ekip Feminin Ayisyen an Fréderic Gonçalves Nan konferans avan match baraj Ayiti kont Ekip Potoriko a nan Los Angelès.
Seleksyon nasyonal foutbòl feminen Ayisyen an rive Kalifòni, kote li pral jwe nan yon match baraj kont Pòtoriko nan kad tounwa Koupdò CONCACAF la. Marie Sofonie Louis sou plas pou VOA Kreyòl.
Foutbolè Dani Alves temwaye nan pwosè abi seksyèl li a nan peyi Espay.
Load more