Accessibility links

Breaking News

Romario Ki Gen 58 Tan Ap Retounen Kòm Foutbolè Pwofesyonèl


SOCCER-BRAZIL/ROMARIO
SOCCER-BRAZIL/ROMARIO

Ansyen Atakan brezilyen an Romario, ki te pran retrèt li rekòmanse antrene pou l retounen monte teren an, li te enskri kòm jwè nan ekip dezyèm divizyon eta Rio de Janeiro America-RJ.

Li se prezidan aktyèl America-RJ e li pare pou l retounen nan disiplin espò a 15 lane aprè li te pran retrèt li nan jwèt la.

Brazil Romario Retires
Brazil Romario Retires

Se te nan lane 2008 jwè brezilyen an te deside pran retrèt li kòm jwè foutbòl . e nan ane 2009 li te direktè espòtif Amerika-RJ.

Brezilyen an te bay ekip nasyonal brezil la sèvis li pandan 2 koup dimond , li te fè 5 gòl pou ede ekip la nan viktwa 1994 la.

Pitit gason Romario, Romarinho, jwe tou pou Amerika-RJ e li te patisipe nan antrenman yo ansanm ak Papa l Jedi 25 avril 2024 la.

Romario deklare "Pi gwo objektif mwen isit la, se jwenn opòtinite pou jwe ak pitit gason m, mwen te tande, mwen te li ke, non sèlman nan foutbòl, men anpil atlèt gen objektif sa a."

"Mwen vle fè tout moun konprann ke mwen pap jwe nan chanpyona a, lide a se jwe kèk minit nan kèk match, paske bagay ki pi enpòtan pou Amerika-RJ nan konpetisyon sa a se sitiyasyon teknik la e pou sa nou dwe antre ak plis fòs. Kòm mwen toujou di l, li mèt difisil, nou dwe chanpyon dezyèm divizyon an pou n ka al jwe nan pi wo nivo a nan chanpyona Rio de Janeiro.

Politik

Romario Brazil
Romario Brazil

Romario tou te vin tou yon senatè nan peyi brezil epi li te dirije envestigasyon Kongrè a sou koripsyon ki genyen nan foutbòl brezilyen an. Gen moun k ap poze kesyon èske retou li nan foutbòl la pa pral anpechel travay kòm senatè.

“Jwe p ap anpeche m nan okenn fason, travay mwen nan Sena a se yon travay mwen ap fè depi 13 lane. Nou menm ki vrèman konnen m, nou ki vrèman swiv mwen, sa se travay serye, travay ki dedye a koz ki enpòtan anpil nan lavi moun. »

Federasyon foutbòl Rio de Janeiro a konfime enskripsyon Romario kòm jwè, li ajoute ke li pral resevwa yon salè minimòm, ki pral pou klèb la.

Romario te fè plis pase 70 Match pou peyi l sòti 1987 pou rive 2005, e li te fè 56 gòl. Li te jwe 4 fwa ak Vasco da Gama e li te jwe tou pou Flamengo ak Fluminense nan peyi Brezil, li te jwe pou Barcelone ak Valence nan peyi lespay epi PSV Eindhoven nan peyi lawoland.

XS
SM
MD
LG