Accessibility links

Breaking News

Palman Alman an Vote pou rann li pi Fasil pou Moun Chanje Non ak Sèks yo Legalman


Session of the lower house of German parliament Bundestag, in Berlin
Session of the lower house of German parliament Bundestag, in Berlin

BERLIN (AP) — Palmantè Alman yo apwouve yon pwojè-lwa ki pral rann li pi fasil pou moun chanje non yo ak sèks yo nan rejis ofisyèl yo.

"Lwa otodetèminasyon an," youn nan plizyè refòm sosyal ke gouvènman kowalisyon liberal Chanselye Olaf Scholz te pwomèt lè li te moute nan pòs la nan fen 2021, gen pou l antre an vigè 1ye Novanm apre palman an fin apwouve li Vandredi.

Almay, nasyon ki pi peple nan Inyon Ewopeyen an, swiv plizyè lòt peyi ki te fè menm chanjman sila.

Adilt yo pral gen dwa chanje premye non yo ak sèks legal yo nan achiv eta sivil san plis fòmalite.

Sèl sa ke yo dwe fè se enfòme leta twa mwa anvan yo fè chanjman an.

Lwa aktyèl la, ki gen plizyè dizèn ane, enpoze kondisyon ki koute anpil lajan.

XS
SM
MD
LG