Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Arizona Ke Eta Ap Konsidere Kòm Krim Si Yon Fanm Jete Pitit

FILE - Arizona Supreme Court Justices listen to oral arguments on April 20, 2021, in Phoenix. The court ruled on April 9, 2024, that the state can enforce its long-dormant law criminalizing all abortions except when a mother’s life is at stake.

Kou Siprèm Arizona a deside ayè madi a ke eta a ka fè respekte yon lwa ki t ap dòmi depi lontan ki konsidere tout jete pitit kòm krim eksepte si lavi manman an an danje.

Tribinal la te ekzaminen si eta a ka rete anba yon lwa ki te la depi 1864, anvan Arizona te tounen yon eta ameriken. Lwa a pa bay okenn eksepsyon pou pitit kadejak ni pitit ki soti nan relasyon ant 2 manm menm fanmi. Gran tribinal eta a te revize desizyon yon kou dapèl eta a an 2022 ki te di ke doktè yo paka tonbe anba akizasyon si yo fè yon dam jete pitit nan 15 premye mwa gwosès.

Yon ansyen desizyon tribinal te bloke aplikasyon lwa 1864 la yon ti tan apre ke Kou Siprèm Etazini an te pran desizyon 1973 Roe kont Wade ki garanti dwa ke konstitisyon an bay pou medam pou yo fè dilatasyon.

Apre Menm Kou Siprèm Etazini an te chavire Roe kont Wade an Jen 2022, Avoka Jeneral eta a nan epòk la, Mark Brnovich, yon Repibliken, te konvenk yon jij nan eta a nan vil Tucson, pou remete lwa 1864 la ann aplikasyon.

XS
SM
MD
LG