Accessibility links

Breaking News

Konseye Mezonblanch Jake Sullivan di Yap Travay pou Fè Kongrè a Debloke Lajan pou Finanse Fòs Miltinasyonal pou Ayiti a


Konseye Sekirite Nasyonal Lamezonblanch Jake Sullivan pale ak jounalis yo nan Washington, 9 Avril 2024.
Konseye Sekirite Nasyonal Lamezonblanch Jake Sullivan pale ak jounalis yo nan Washington, 9 Avril 2024.


Konseye Lamezonblanch sou Zafè Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan di jounalis yo apremidi a ke administrasyon an ap "konsilte" Kongrè pou eseye debloke finansman ki esansyèl pou deplwaye yon fòs sekirite miltinasyonal pou Ayiti pi "pi vit posib".

Se Kenya ki pral difije fos sa a.

Sullivan di objektif fòs la se "ede stabilize (Ayiti) epi tabli kalm pou soulaje soufrans sitwayen inosan Ayisyen."

Sullivan souliyen Etazini mete pwogram an plas pou ede Ayisyen ki vle vini Ozetazini. "Nou pral kontinye pouse pou pi devan ak pwogram sa yo", misye fè konnen.

Li di aksè Etazini dispoze pou Ayisyen kap kouri pou zak vyolans gang yo "istorik".

Sullivan di koz prensipal sityasyon Ayiti a se ensekirite a. "Sak rasin kapasite Ayisyen genyen pou yo sikile libreman nan peyi yo, chwazi ki kote yo vle ale se sekirite ak stabilite. Etazini ap dirije yon jefò global pou ede retabli stabilite ak kontinuite gras ak yon fòs miltinasyonal. Nou bezwen lajan pou fè sa."

Sullivan di administrasyon Biden nan ap chache sipò Demokrat kou Republiken nan Kongrè a pou debloke lajan an.

Misye fè konnen se chak jou konvèsasyon sa yo dewoule.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Patsy Widakuswara kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG