Accessibility links

Breaking News

Blinken Pale ak Prezidan Guyana sou Ayiti


Sekrete Deta Antony Blinken pale nan Depatman Deta a nan Washington, 30 Oktob, 2023.
Sekrete Deta Antony Blinken pale nan Depatman Deta a nan Washington, 30 Oktob, 2023.

Dapre yon nòt pou laprès Depatman d Eta pibliye Lendi 1 Avril la, Sekretè d Eta Antony Blinken pale ak Prezidan Guyana Irfaan Ali. Ali se prezidan aktyèl Kominote Karayibeyen an, CARICOM.

Dapre Depatman d Eta, Sekret Blinken diskite sou jefò pou apiye Konsèy Tranzisyon Prezidansyel Ayiti a epi Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a.

Nòt la di Sekretè a reitere ke Etazini tre rekonesan pou sipò CARICOM ap bay nan jefò pou "ede Ayiti pwomouvwa gouvenans ki reprezantif e enklisiv."

Korespondan VOA nan Depatman d Eta Nike Ching kontribye a repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG