Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch di Li Espere Wè Pwogrè nan Etablisman Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl Ayiti a


John Kirby pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch.
John Kirby pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch.

Administrasyon Biden deklare Vandredi li espere nan jou kap vini yo lap wè pwogrè nan seleksyon manm konsèy ki pral dirije Ayiti.

John Kirby, pòtpawòl Lamezonblanch deklare:

"Nap mennen jefò nan 3 domèn kounyea. Youn se travay ak Ayisyen sou yon pwosesis tranzisyon politik Ayisyen dirije epi pou konsèy prezidansyèl la kòmanse fonksyone. E nou espere wè pwogrè nan domèn sa a nan jou kap vini yo vizavi seleksyon endividi ki pral gouvène Ayiti. Yon pwosesis ki kredib e ki reponn aspirasyon pèp Ayisyen an. Dezyèm bagay la se nap travay ak Kenya sou fòs sipò sekirite miltinasyonal ki gen Kenyan a la tèt li, ki pap enkli twoup Ameriken nan kad misyon sa a. Sepandan nap travay ak Kenyan yo sou bagay tankou kijan yap fòme fòs la, ak ki kalite sipò Etazini taka bay. Epi twzyèm bagay nap fè se nap fè tout sa nou kapab pou ede Ameriken ki vle kite Ayiti, evakye sen e sof. Gen lòt vòl elikoptè kap dewoule jodia (Vandredi) nan sans sa a."

Kirby pran la pawòl nan moman Ayiti anba syèj akoz zak vyolans gang yo epi yonkriz imanitè ki taka koze mwatye popilasyon an mouri grangou.

XS
SM
MD
LG