Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Harris Diskite sou Imigrasyon ak Prezidan Guatemala nan Lamezonblanch


Foto Achiv: Prezidan Guatemala Bernardo Arevalo.
Foto Achiv: Prezidan Guatemala Bernardo Arevalo.

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris akeyi Prezidan Guatemala Bernardo Arevalo nan Lamezonblanch Lendi pou diskite sou kijan yo ka redui migrasyon an nan Amerik Santral.

Rankont Harris la souliyen sipò Etazini pou nouvo prezidan an, ki vle fe refòm lakay li. Envestiti misye te ranvwaye nan mwad Janvye a akoz opozan li tap chache febli otorite li.

Nan komansman rankont yo a, Harris te di Etazini "te fyè kanpe bò kote w Misye Prezidan, apre yon eleksyon lib e onèt epi pandan tranzisyon w."

Harris ajoute "dapre sa nou obsève, volonte pèp la triyonfe".

XS
SM
MD
LG