Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Raple Peyi yo Devwa yo pou yo Pwoteje Refijye Ayisyen yo olye yo Depòte yo


Foto Achiv: Moun benyen nan Rivye Masak la sou fwontye an Repiblik Dominiken ak Ayiti nan Wanament, 19 Nov. 2021.
Foto Achiv: Moun benyen nan Rivye Masak la sou fwontye an Repiblik Dominiken ak Ayiti nan Wanament, 19 Nov. 2021.

Nasyon Zini di Mèkredi Ayisyen dwe jwenn pwoteksyon kòm refijye e ke peyi kote yo rive pa dwe retounen yo ak fòs nan peyi yo, kote gang ap simen laterè.

Devan sitiyasyon dezòd ki ann Ayiti a sitou nan kapital la Pòtoprens, ak laperèz ki anvayi popilasyon an, Gwo Komisè Nasyonzini pou Refijye, ki gen abreje ann angle UNCHR, te pran devan e fè sonje konsiy ki mande pwoteksyon pou Ayisyen ki plis nan bezwen yo.

Elizabeth Tan, ki se chèf divizyon pwoteksyon entènasyonal UNHCR, di nan yon deklarasyon : "Lavi, sekirite ak libète Ayisyen yo anba menas vyolans gang ak vyolasyon dwa moun."

Ayiti ap viv yon epidemi vyolans gang nan semèn sa yo, pandan Ayisyen ap tann enstalasyon yon konsèy prezidansyèl tranzisyon apre PM nan te anonse demisyon li nan tèt peyi a.

UNHCR raple Eta yo ke "yo oblije asire pwoteksyon entènasyonal pou refijye Ayisyen yo."

Ajans Nasyonzini an ensiste: "Nou repete apèl nou tou pou okenn peyi pa fòse Ayisyen retounen ann Ayiti kounye a, menm lè peyi sa yo te rejte demann azil yo. »

Li esplike ke yon pakèt Ayisyen ta ka benefisye pwoteksyon nan kad Konvansyon 1951 pou Refijye yo: aktivis politik, jounalis, jij, avoka ak lòt moun k ap konbat koripsyon ak krim.

Plis toujou, ajans Nasyonzini an raple ke Deklarasyon Cartagena 1984 la bay pwoteksyon pou "moun ki boulvèse nan sikonstans ki mete deranjman grav nan lòd piblik nan peyi yo ak tout kote vyolans gaye akoz aktivite gang".

UNHCR avèti ke li te obsève yon "tandans mangonmen" kote Ayisyen ap antreprann vwayaj danjere, tankou pran lanmè nan move kondisyon.

Amy Pope, ki dirije Òganizasyon Entènasyonal Nasyonzini pou Migrasyon, eksprime enkyetid menm jan an semèn sa a nan yon entèvyou sou AFP. Li di : "Nou ap travay ak gouvènman Karayib la ak Etazini pou kontwole deplasman moun yo epi pou nou prepare pou reponn si gen yon ogmantasyon nan vwayaj yo."

XS
SM
MD
LG