Accessibility links

Breaking News

LONU: 33.000 Ayisyen Kouri Kite Kapital la nan 2 Semèn Vyolans


Gunfire near Haiti's National Palace, in Port-au-Prince
Gunfire near Haiti's National Palace, in Port-au-Prince

Plis pase 33,000 moun kouri kite zòn Pòtoprens la nan de semèn pou chèche abri pandan atak gang ogmante nan kapital la, se Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (IOM) anonse Vandredi.

"Atak ame ki gaye nan zòn Pòtoprens la depi plizyè semèn pouse pi plis moun al chache refij nan lòt depatman yo, pandan yo riske pase nan wout ke gang kontwole," se sa ajans Nasyonzini an eksplike nan yon nòt pou laprès.

Dapre chif ke OIM kolekte nan estasyon otobis ki gen plis aktivite yo, ant 8 ak 20 mas, 33 333 moun pati kite kapital la, sitou pou rantre nan rejyon Gran Sid la ki deja akeyi 116 000 moun ki deplase nan dènye mwa yo.

OIM ensiste pou di "yon bon valè nan rejyon sa yo pa gen ase enfrastrikti, e kominote yo pa gen ase resous pou yo fè fas ak deplasman masif moun sa yo ki soti nan kapital la."

Anpil nan plis pase 33,000 moun ki kouri kite kapital la te deja deplase, pafwa plizyè fwa, menm lè yo te rete nan Pòtoprens.

Ayiti, ki deja ap viv yon gwo kriz politik ak ensekirite, vin anba plis vyolans depi kòmansman mwa a, lè plizyè gang te mete tèt yo ansanm pou atake pozisyon estratejik yo nan Pòtoprens, kote yo te di yo vle ranvèse Premye Minis Ariel Henry.

Henry, ki fè fas ak anpil kontestasyon ann Ayiti, pa t kapab retounen nan peyi l apre yon vwayaj nan Kenya nan kòmansman mwa a.

Li te dakò 11 Mas pase pou l demisyonnen e depi lè sa a negosyasyon ap dewoule pou fòme yon konsèy tranzisyon pou pran tèt peyi a.

An menm tan, gang ame ap mete plis kontwòl sou kapital la, kote yo te deja kontwole apeprè 80%, dapre estimasyon l-ONU.

"Depi kèk jou, gang yo vanse sou nouvo zòn nan kapital la," se sa Ulrika Richardson, ki se kòdonatè imanitè Nasyonzini pou peyi a, te di jedi, kote deskripsyon moutre yon sitiyasyon "ki mete pèp la ozabwa".

XS
SM
MD
LG