Accessibility links

Breaking News

Otorite Ris yo Mande pou Pini Sevèman Moun Ki Responsab pou Atak sou Sal Konsè a


De dwat a goch: Rachabalizoda Saidakrami, Dalerdjon, Barotovich Mirzoyev, Muhammadsobir Fayzov ak Shamsidin Fariduni 4 pami sispek yo nan fiziyad sal konse Moskou a.
De dwat a goch: Rachabalizoda Saidakrami, Dalerdjon, Barotovich Mirzoyev, Muhammadsobir Fayzov ak Shamsidin Fariduni 4 pami sispek yo nan fiziyad sal konse Moskou a.

Anpil moun nan Larisi ap mande pou otorite yo pini sevèman moun ki responsab pou atak kont yon sal konsè ki te lakoz 130 moun te pèdi lavi yo.

Pandansetan, otorite yo ap egzaminen dekonb yon sant acha ak sal konsè a pou lòt viktim.

Premye Minis Mikhail Mishustin deklare envestigasyon an ap kontinye men li sèmante pou l pini "tout responsab yo, yo pa merite pitye."

Atak la Vandredi kont Sal Konsè Crocus Siti a nan wès Moskou te lakoz 137 moun mouri e plis pase 180 blese. Se atak kote plis moun mouri nan Larisi depi plizyè zane.

Yon total 97 moun rete ospitalize.

Gen 4 nèg yo idantifye tankou moun Tajikistan ke yo akize dèske yo te lanse yon atak teworis.

Mesye yo te konparèt devan tribinal Dimanch swa, kote moun te ka wè yo pran kou.

XS
SM
MD
LG