Accessibility links

Breaking News

Larisi an Dèy pou Viktim Fiziyad Sal Konsè yo


Yon mesye depoze fle nan yon moniman spontane nan memwa viktim atak Moskou a nan St. Petersburg, Larisi, 24 Mas, 2024.
Yon mesye depoze fle nan yon moniman spontane nan memwa viktim atak Moskou a nan St. Petersburg, Larisi, 24 Mas, 2024.

Larisi ap obsève yon jounen dèy nasyonal 2 jou apre yon atak kont yon sal konsè nan Moskou ki te lakoz plis pase 130 moun te mouri.

Yo te anile tout evenman ki te sipoze dewoule nan enstitisyon kiltirèl yo Dimanch.

Drapo yo tap flote a demi ma, pandan ke stasyon televizyon yo sispann tout pwogram kiltirèl ak anons piblisite.

Fanmi ak zanmi moun ki toujou sou lis moun ki disparèt nan atak la te tann nouvèl moun yo renmen yo.

Prezidan Vladimir Putin deklare Samdi ke otorite Ris yo arete 11 sispè. Pami yo gen 4 moun yo kwè te patisipe nan fiziyad la.

Putin di yo mete yo anba kòd nan moman yo tap eseye chape poul yo kou al lage kò yo nan Ikrèn.

Kyèv bò kote pa li demanti ak tout fòs li ke li gen anyen pou wè ak atak la.

Yon afilye gwoup teworis Eta Islamik la nan Afghanistan reklame responsabilite pou atak la.

XS
SM
MD
LG